Kijan USCIS deside ki egzamen sivik w ap pase
Sa depann de dat USCIS te resevwa N-400 ou
Se sèlman dat USCIS te resevwa Fòm N-400 ou a ki konte, se pa dat entèvyou w. Si USCIS te resevwa l nan dat 20 octobre 2025 oswa apre, w ap pase egzamen sivik 2025 la. Si yo te resevwa l anvan dat sa a, w ap pase egzamen 2008 la.
W ap jwenn dat la sou avi resi w la, Fòm I-797C, kote li ekri “Received date”.
Egzamen sivik 2025 la
Ofisye a poze w jiska 20 kesyon awotvwa, ki soti nan yon lis 128. Ou pase si w bay 12 bon repons. Ofisye a rete depi w gen 12 bon repons oswa 9 move repons.
Egzamen sivik 2008 la
Ofisye a poze w jiska 10 kesyon ki soti nan yon lis 100. Ou bezwen 6 bon repons, e ofisye a rete lè w gen 6 bon repons oswa 5 move repons.
Règ 65/20 la
Si w te gen 65 an oswa plis lè w te depoze, e ou rezidan pèmanan depi 20 an oswa plis, ou etidye sèlman kesyon ki gen yon ti zetwal (*). Ofisye a poze w 10 nan yo epi ou bezwen 6 bon repons. Ou ka pase egzamen sivik la nan lang ou chwazi.
Si w pa pase premye fwa a
Ou gen de chans. Si w pa pase egzamen sivik la nan entèvyou w, USCIS ap fè w pase pati sa a ankò ant 60 ak 90 jou apre.